[{"data":1,"prerenderedAt":67},["ShallowReactive",2],{"news-learning-with-tiktok-haiti":3},{"id":4,"title":5,"body":6,"date":56,"description":12,"extension":57,"image":58,"meta":59,"navigation":60,"path":61,"seo":62,"stem":63,"summary":64,"tag":65,"__hash__":66},"news\u002Fnews\u002Flearning-with-tiktok-haiti.md","E si w sèvi ak Tik Tok pou w aprann ?",{"type":7,"value":8,"toc":48},"minimark",[9,13,16,21,24,28,31,35,38,42,45],[10,11,12],"p",{},"Nan moman an, tout bagay pibliye sou Tik Tok. Aplikasyon sa ki te fè\nfizyon ak Musical.ly, ki te yon platfòm pataj mizik ak videyo, gen\nplizyè milyon itilizatè sou li kounye a ak karaktè yon rezo sosyal. Gen\nitilizatè tout laj ki souvan itilize l pou detann yo, gade ak kreye\nkontni divètisman. Platfòm sa ka rive pran yo anpil tan tèlman li gen\nyon algorit ki etidye egzakteman kisa pou l pwopoze pa rapò ak\nkonpòtman anliy yo.",[10,14,15],{},"Detann lespri a se yon bon bagay, men si nou te ka sèvi ak menm zouti n\nap detann li an pandan n ap aprann li t ap pi bon toujou. Gen kont ki\nesansyèlman prezante kontni nan sans sa sou Tik Tok. Men 4 kont k ap\nfòme w sou divès branch sou Tik Tok.",[17,18,20],"h2",{"id":19},"vmathsphy","VMathsPhy",[10,22,23],{},"Yon paj ki prezante kontni sou matematik ak fizik nan lekòl klasik. Mèt\nkont sa konn rezoud egzèsis egzamen ofisyèl yo tankou 9èm ane ak NS4. Li\nkonn bay ti limyè tou nan kèk egzèsis gramè fransè, men se plis nan\nmatematik ak fizik li konn plis rete. Li prensipalman itilize lang\nfransè.",[17,25,27],{"id":26},"mat-fasil","Mat Fasil",[10,29,30],{},"Okontrè, pwodui kontni an kreyòl ak yon ton komik pandan l ap bay\nfòmasyon. Li rezoud egzèsis matematik men li mete aksan sou rezoud\negzamen ofisyèl ki deja pase. Kèk egzèsis fizik konn glise, men se branch\nmatematik yo kont sa plis trete.",[17,32,34],{"id":33},"metistwa","Metistwa",[10,36,37],{},"Yon kont ki gen kontni nou pa souvan jwenn an Ayiti : astwonomi. Depi\nenfòmasyon an gen rapò ak planèt, ekspedisyon nan lespas, objè ki an òbit\ntankou satelit, elatriye, w ap jwenn li sou kont sa. Li gen kontni sou\nevolisyon materyèl lèzòm itilize pou eksplore lespas, istwa ak rapò peyi\nyo nan konkèt lespas. Se yon kont ki rich epi ki gen kontni yo an\nkreyòl.",[17,39,41],{"id":40},"wilkytoussaint20","Wilky.toussaint2.0",[10,43,44],{},"Ofri kontni ki gen pou wè ak listwa, konesans jeneral epi aktyalite.\nSitou aktyalite. Depi gen yon sijè ki fè polemik nan moman an, kont sa\nkonn pale sou li pou pote eleman repons oswa rasanble sa ki di sou li\ndeja.",[10,46,47],{},"Kounye a w ka ret sou Tik Tok pandan w ap pwofite aprann.",{"title":49,"searchDepth":50,"depth":50,"links":51},"",2,[52,53,54,55],{"id":19,"depth":50,"text":20},{"id":26,"depth":50,"text":27},{"id":33,"depth":50,"text":34},{"id":40,"depth":50,"text":41},"2026-05-14","md","\u002Fimages\u002Fquotes\u002Fquote-jerry-blumengarten.jpg",{},true,"\u002Fnews\u002Flearning-with-tiktok-haiti",{"title":5,"description":12},"news\u002Flearning-with-tiktok-haiti","Kat kont Tik Tok ki ka ede w aprann matematik, fizik, astwonomi ak konesans jeneral pandan w ap detann lespri w.","Kreyòl","sgVoQ821rBRGy5oa5HFopgsJG5eDJ-1IZxJvi17rHUE",1787173298231]