
Nan moman an, tout bagay pibliye sou Tik Tok. Aplikasyon sa ki te fè fizyon ak Musical.ly, ki te yon platfòm pataj mizik ak videyo, gen plizyè milyon itilizatè sou li kounye a ak karaktè yon rezo sosyal. Gen itilizatè tout laj ki souvan itilize l pou detann yo, gade ak kreye kontni divètisman. Platfòm sa ka rive pran yo anpil tan tèlman li gen yon algorit ki etidye egzakteman kisa pou l pwopoze pa rapò ak konpòtman anliy yo.
Detann lespri a se yon bon bagay, men si nou te ka sèvi ak menm zouti n ap detann li an pandan n ap aprann li t ap pi bon toujou. Gen kont ki esansyèlman prezante kontni nan sans sa sou Tik Tok. Men 4 kont k ap fòme w sou divès branch sou Tik Tok.
VMathsPhy
Yon paj ki prezante kontni sou matematik ak fizik nan lekòl klasik. Mèt kont sa konn rezoud egzèsis egzamen ofisyèl yo tankou 9èm ane ak NS4. Li konn bay ti limyè tou nan kèk egzèsis gramè fransè, men se plis nan matematik ak fizik li konn plis rete. Li prensipalman itilize lang fransè.
Mat Fasil
Okontrè, pwodui kontni an kreyòl ak yon ton komik pandan l ap bay fòmasyon. Li rezoud egzèsis matematik men li mete aksan sou rezoud egzamen ofisyèl ki deja pase. Kèk egzèsis fizik konn glise, men se branch matematik yo kont sa plis trete.
Metistwa
Yon kont ki gen kontni nou pa souvan jwenn an Ayiti : astwonomi. Depi enfòmasyon an gen rapò ak planèt, ekspedisyon nan lespas, objè ki an òbit tankou satelit, elatriye, w ap jwenn li sou kont sa. Li gen kontni sou evolisyon materyèl lèzòm itilize pou eksplore lespas, istwa ak rapò peyi yo nan konkèt lespas. Se yon kont ki rich epi ki gen kontni yo an kreyòl.
Wilky.toussaint2.0
Ofri kontni ki gen pou wè ak listwa, konesans jeneral epi aktyalite. Sitou aktyalite. Depi gen yon sijè ki fè polemik nan moman an, kont sa konn pale sou li pou pote eleman repons oswa rasanble sa ki di sou li deja.
Kounye a w ka ret sou Tik Tok pandan w ap pwofite aprann.